"Planin Familyal nan peyi d Ayiti : pwoblèm,solisyon ak avantaj."



Nan lane 1970 pou rive 1980, peyi d Ayiti te gen yon pwogram planifikasyon familyal solid, efikas gras ak sipò sektè prive a epi sektè piblik la tou. E gras ak kokennchenn pwogram sila, nivo fè pitit la te bese nan peyi a. Men depi apre boulvèsman politik ak kriz ekokonomik Ayiti ap konfwonte yo, tout jefò pou amelyore zafè fè pitit nan peyi a pa sispann diminye, sa vin mete nou anreta konpare ak lòt peyi yo nan sa ki gen awè ak planin familyal.

Planin familyal oubyen planifikasyon familyal, se yon ekip mwayen ki anpeche yon moun fè pitit san bezwen oubyen, san preparasyon. E pou tout moun kapab benefisye mezi sa yo, gen anpil sant ki disponib pou moun yo kapab jwenn enfòmasyon sou kòman li fonksyone, e kapab itilize metòd yo tou. Fason yo kapab varye daprè peyi a, e pami jan yo nou kapab site : Kontraseptiv oral(konprime), prezèvatif pou gason(kapòt), prezèvatif pou fi, enplan kontraseptiv, eponj, esterilizasyon elatriye.

Tranbleman tè ki te pase 12 Janvye 2010 an Ayiti a gen anpil konsekans sou sistèm laswenyaj la, e sante sekyèl la pa t epanye. Menm si te gen kèk ti jefò k te fèt pou pote kèk asistans , to planifikasyon familyal nan peyi d Ayiti a estime a 35%, se youn nan nivo ki pi wo nan mond lan, savledi plis pase 3 fanm sou 10 gen yon vi seksyèl ki aktif e yo pa itilize okenn metòd malgre yo pa bezwen timoun.

Pwosesis pou grandi kantite planifikasyon familyal nan peyi a ap kontinye. Nan zòn 2013 pou rive 2016, plan estratejik Nasyonal pou repwodiksyon ak planifikasyon familyal, entegre planifikasyon familyal kòm yon konpozan santral, e gen anpil sèvis planifinisyon ki disponib gratis nan tout sant sante yo. Menmsi, daprè yon ankèt ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) fè , pou tout moun an jeneral ta rive jwenn aksè ak sèvis sa a , sa t ap koute anviwon 1496 goud chak fanm, swa 1533 milyon goud pou yon lane.

Daprè anpil etid, pwogram planifikasyon familyal la, ap amelyore sante fanm yo , salè yo tou ap ogmante e yo ap patisipe plis nan mache travay la, e men m nan devlopman ekonomik peyi a tou. Lè sèvis seksyèl yo ogmante, sa ap afekte kantite ane eki separe timoun yo, kidonk to mòtalite timoun yo ap diminye, paske aprè kèk rechèch ki rive fèt , konklizyon yo montre n sou chak timoun ki fèt 2 lane apre yon lòt, gen 145 sou 1000 ki mouri. Ak plis aksè ak sèvis seksyèl yo ap gen mwens timoun e plis moun ki gen laj k ap travay, se ap toujou yon benefis pou ekonomi an.

Bref, fason pou w pa fè pitit san volonte yo plis pase yon enpòtans , se yon nesesite, menm si gen mannyè, tankou prezèvatif ki ede konbat MST( maladi seksyèlman transmisib), gen anpil moun ki pa gen aksè avèk yo. Si nou vle redwi kantite moun k ap mouri, mizè nan peyi a , fè pitit san pare, e menm prepare avni nou, èske se pa t ap yon devwa oubyen menm yon obligasyon pou nou , pou nou tout chwazi yon metòd kontraseptiv ?

Otè: Emersica Pierre 

Cp: google


Share on Google Plus

About Nègremarron

This is a short description in the author block about the author. You edit it by entering text in the "Biographical Info" field in the user admin panel.

0 commentaires:

Publier un commentaire