Ayiti / Sibè-Eskwokri


Yon men ki sòti nan òdinatè ki ap vòlè yon bous


Depi komansman 21nyèm syèk la gen anpil mo nouvo ki kreye akoz evolisyon teknolojik ki vin pi plis chak jou, pami mo sa yo genyen « SIBÈSEKIRITE (CYBERSECURITE), SIBÈNETIK (CYBERNETIC), SYBÈATAK (CYBERATTAQUE), SIBÈ-EKOKRI (CYBER-ESCROQUERIE) » prefiks SIBÈ (CYBER) a akonpanye lòt mo pou bay nesans ak plizyè neyolojis pou pale de sa ki gen rapò ak rezo entenèt pou eksplike menas ki panche sou mond lan akoz li.

Depi nan lane 2000, genyen sa ki rele "Sibè-Eskrokri" ki komanse ap pran jarèt. Yon Eskro se yon moun k ap itilize fo non oubyen fo kalite pou yo kapab twonpe yon moun fizikman oubyen moralman, yon fason pou kapab benefisye swa lajan oubyen yon byen. 

Premye metòd "Sibè-Eskwo" (CYBERESCROC) yo se kreye yon kont sou non yon fi sou rezo sosyal yo pou sedui gason, apre yon seri echanj, lè yo rive kreye yon relasyon santimantal, endividi sa yo mande patnè a pou fè echanj foto toutouni jiskaske yo rive nan estad voye video san rad. Endividi ki ap komèt aksyon an itilize videyo sa ki fèt toutouni an pou fè gason an chantaj kote l ap mande l yon sòm lajan pou l pa pibliye video sila. 

Lòt metòd "Eskwo" yo itilize, se kreye yon kont epi mete foto yon moun ki kòmanse rantre nan laj avanse pou kapab rantre an kontak ak lòt moun, kote y ap fè konnen yo genyen kansè, yo delivre yon koli ki se yon bwat ki kapab genyen bijou, lajan ak lot materyèl bay yon fanmi oubyen zanmi ki jeneralman nan yon peyi afriken epi di moun ki ta dwe resevwa l la kite peyi a, l ap mande moun ki vle benfrisye l la fè pwosesis pou rekipere koli a, yo mande rantre an kontak direktè bank peyi sila. Direktè bank lan bò kote pa l ap mande yon frè pou kapab pèmèt ou jwenn koli a. Jonas Thermitus ki se yon Ayisyen k ap viv Montay nwa fè konnen li se yon viktim nan ka sa kote li peye 125 dola ameriken, li pa t janm gen nouvel moun sila yo apre tranzaksyon li. 

Lòt posiblite yo genyen toujou

Se lanse yon kont pou fè konnen, se anivèsè yon gran konpayi oubyen enstitisyon. Yo pretann konpayi a antann bay kado tankou machin , lajan, telefòn elt...... ak kondisyon pou w pataje mesaj sila bay majorité kontak WhatsApp ou. 

Nan Yon lòt atik kap soti pa twò lontan w ap konn ki konsekans aksyon sa yo ka genyen sou sistèm telefòn ou ak sou ou pèsonèlman lè w divilge enfòmasyon ki gen rapò ak vi prive w. 

 Lwa sou lejislasyon an Ayiti

Plizyè ane apre lemond antye ap konfwonte ak zak malveyans sila, yo kòmanse vote plizyè lwa pou fè fas ak li. Peyi d Ayiti pako janm lejifere sou li, sepandan sa pa anpeche Ayiti te patisipe nan fowòm mondyal sou sibè-krim ak sibè-sekirite nan peyi Kostarika an mas 2012. Patisipasyon Ayiti ta pral fasilite kreyasyon yon komisyon ki ap travay sou elaborasyon ak adopsyon yon lwa sou fenomèn sila anndan konsèy Nasyonal telekominikasyon(KONATEL) gras avèk kolaborasyon Laprimati epi ki jwenn sipò Komite entè-Amerikèn kont teworis (CICTE) san bliye Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).

Otè: Watson Audibert 

Cp:Dynamique -Mage.comr

Share on Google Plus

About Nègremarron

This is a short description in the author block about the author. You edit it by entering text in the "Biographical Info" field in the user admin panel.

0 commentaires:

Publier un commentaire