" Plizyè moun nan zòn Kwadèboukè, te konnen lanfè sou latè dimanch pase a."

 


Dimanch 7 novanm 2021 ki sot pase la, moun nan komin kwadèboukè te monte lesyèl pa do anba men nèg ki fè pati gang 400 mawozo. Yo te okipe plizyè zòn nan komin lan e paralize sikilasyon moun kou veyikil nan tire tribò pa bò, pran sa k pa pou yo sa ki te kite dezolasyon nan kè pliszyè sitwayen nan rejyon an.

Li te ka nan anviron 5 è nan maten, tankou yon operasyon polisyè: nèg ak kagoul, kas nan tèt, twa sou chak moto, gwo zam nan men yo epi y ap tire, se nan dekorasyon sa moun nan plizyè katye nan komin papa ak manman Lanmò 100 jou te achte sou non l lan reveye yo dimanch ki sot pase la.

Nan zòn Micho, Dige, Latranblè, Kafounway, nan Remi, Belonton, Savàn Blond, ak Kafounouyòk, pou nou site sa yo sèlman. Moun yo konnen sa yo te ka rele lanfè sou tè. Nan dimanch maten sa, menm moun ki t ap ale, sòti legliz oubyen al chèche lavi pa t gen pas pouki, yon sitwayen rakonte nou. 

« Tout atè nan Mangozann w ap jwenn gen Bib ak Chan desperans, bous ak valiz ki rete ouvè ak sa ki fèmen, se moun ki t ap sòti legliz ak lòt kalte moun yo fouye.Konsa tou, genyen ki te jwenn chans pou kouri, sila yo ki pa t gen chans malerezman te pran atrap nigo, kidonk yo pèdi. ». Pi lwen yon lòt di nou. « Monchè, bouch pa gou menm! Se ak lapenn, kè sote sèlman n ap dòmi epi leve toupatou. Nan Site Bovè a bagay yo pa bon ditou, e yo pa t janm konsa. ».

Yon lòt kote, ti mesye Malkonprann yo sezi machin ak anpil motosiklèt. Se nan yon pikòp blan zo reken, nimewo plak li pa revele yo pote ale anviwon 12 moun tankou kolòn kabrit y ap mennen Labatwa, fanm kou gason.

N ap raple se depi nan samdi 6 novanm 2021 an, mesye sa yo te gentan ap frape yon fason dwòl; pran machin ki te pote pwovizyon, maltrete moun. Bagay yo pa t piti, se moun yo vle yo ki libere. 

Antouka, tout moun konnen se rasin ki fòs pyebwa a, koupe branch yo sèlman pou fè debwazman se kòve total. Toutotan Mapou a pa tonbe kabrit pa p janm konn gou fèy li !

Otè: Claudalson Kebster PIERRE.

Cp: google

Share on Google Plus

About Nègremarron

This is a short description in the author block about the author. You edit it by entering text in the "Biographical Info" field in the user admin panel.

0 commentaires:

Publier un commentaire