‘‘NAN MITAN ESTEREYOTIP, ALAMÒD, KISA KÒM KONSEKANS GWO CHEVE KA GENYEN SOU YON GASON NAN SOSYETE AYISYÈN LAN? ’’






Pandan chak jou k ap pase, se plis nou ap remake gen plis jèn gason ki ap kite gwo cheve pouse nan tèt yo . Sepandan, li lakoz gwo pwoblèm nan sosyete ayisyèn lan. sòti nan fwaye yo pou rive nan lari, legliz pou rive nan lekòl menm se pa pale. Poutan, sa pa anpeche yo fè l pandan li reprezante youn nan gwo menas pou yo. Pafwa li konn sifi kòm rezon pou Lapolis pase yo anba bastonad paske yo wè yo tankou potansyèl kriminèl. Men Èske se vre yon nèg ak ‘‘gwo cheve ’’ reprezante yon pi gwo menas pase yon lòt ‘‘tèt kale’’? se pyen sa yo ak plizyè lòt nou te eseye jwenn yon eklèsisman ak doktè nan sosyoloji,  Lui No Pyè (Louis Naud PIERRE).

Sosyete ki sòti nan mo latin, ‘’societas‘’ siyifi ‘‘asosyasyon’’, ‘‘kominote. ’’ e nan etnoloji; sosyete a deziye yon gwoup moun oganize , ki pataje menm‘’ mès ‘’ menm ‘’ koutim‘’,‘’ valè‘’,‘’nòm‘’ elatriye... Chak sosyete diferansye l ak yon lòt nan fason moun viv ladan l, e jan moun abiye depann de li tou. Daprè sosyològ la, fason moun abiye nan sosyete Ayisyèn lan, se sa yo rele klasik la ; ki pou yon gason modèl la se : chemiz ou mayo anndan pantalon epi cheve ba. Men chak jou ki ap vini jèn yo ap abiye yon fason diferan ak koutim lan e mwens koupe cheve yo. Sa ki pa sispann leve yon bann kesyon sitou bò kote paran yo.

Pou yon gwoup nou te gen chans entèvyouve, gwo cheve nan tèt yon gason reprezante yon devyans . Se sa ki fè, anpil fwa yo asosye yo ak moun ki fè vye bagay epi panse se gwo cheve a ki fè enfliyans sou yo. Sa ki lakoz yo pa dakò pitit yo fèl e rann anpil fwa jèn gason an fristre, men pou n site Mesye ‘’Pyè ” 《 gwo cheve pa gen anyen pou wè ak move enfliyans yon moun genyen》 e menm jan ak sosyològ la, plizyè jèn fi gen yon lide diferan. Sepandan, yo gen kèk kritè ki byen defini pou kite l pouse a tankou : fòk cheve a fè moun lan byen, fò l pran swen l epi gen yon bon konpòtman nan sosyete a.

kote gwo a cheve sòti ?

Pandan anpil je vire sou fason jèn gason ap fe cheve yo kounya. Menm si se pa t menm jan, men yo te gen moun ki te trase wout pou yo. Nan lane 60 sou gouvenman "Duvalier" te gen sa nou te ka rele jenerasyon ‘’ IPI ‘’ kote, poun site sosyològ la kòm sin pwotestasyon, mesye yo te konn kite cheve pouse nan tout tèt yo. Men ki pa t janm byen wè e yo te konn kouri dèye yo nan sosyete ayisyèn lan. E nan lane 90 sosyete a te vin fè rankont ak yon lòt fòm ki se ‘’ dreadlocks ’’ sa nou te ka rele yon fòm akiltirasyon piske orijin li sòti nan peyi Jamaïque sou infliyans chantè ‘’wege’’ an Bob Marley.

Sepandan, pou doktè a asosasyon moun gwo cheve ak potansyèl kriminèl la kòmanse nan lane 2000 kote kèk moun ak cheve yo pa t rantre nan nòm klasik sosyete a, yo te konn konsidere yo tankou moun ki dwòl e kèk nan yo te konn simen latwoublay nan soosyete a apre yo te fin konsome kèk pwodwi ilisit.

Nan plizye gwoup jèn gason nou te gen chans pale,  pou youn; kite cheve plis reprezante pou li yon fason pou l mache ak modènite, pandan pou yon lòt se plis pou atire atansyon jèn fi ki renmen lè jèn gason pran swen kò yo.

Pou fini, sosyològ la envite paran yo itilize kominiklasyon pou fè timoun yo konprann chak sososyete gen yon jan li ye. li kontinye pou l di, si moun nan reve evolye nan mond atistik, gen yon fason ki diferan  ak yon moun ki reve al travay dèyè yon biwo.

Lè n ap swiv pi souvan moun yo pran nan move bagay ,epi gwo chèf gang yo ki ap simen latwoublay nan sosyete a pa fasil gen cheve wo èske l nòmal pou yo toujou ap pote yon move jijman sou moun ki fè chwa kite pa yo an pouse? Epi èske se pa tou yon devwa kay paran yo pou yo fè elevasyon timoun yo byen olye pou se sou jan yo fè cheve yo pou yo ap jije yo?

Otè: John Gerald Stanley Mervil 
Cp: Dreadshop


Share on Google Plus

About Nègremarron

This is a short description in the author block about the author. You edit it by entering text in the "Biographical Info" field in the user admin panel.

0 commentaires:

Publier un commentaire