" Konba elèv tèminal yo pou fini ak lekòl segondè sanble pa t pi danjere pase sa"



Egzamen Leta fen etid segondè yo te dewoule lendi 26 jiska jedi 29 jiyè 2021 jan ministè a te anonse sa. Plizyè élèv nan komin kwadèboukè te bat bravo lakontantman pou jan siveyan yo te konpòte yo, lèzòt menm ki pa t patisipe pou premye fwa yo trouve l t pi fasil e gen anpil regrè pou sa ki pa t deside fé l ane a.

Jan sa te ye nan tan lontan lè te gen filo C, D, A.  Kounya ak nouvo segondè ki derasinen klas tèminal tradisyonèl la, SMP, SVT, LLA se pratikman seksyon sa yo yon elèv NS4 kapab chwazi pou l mete fen ak sa ki te reprezante yon bèt nwa pou anpil moun, lè pa t gen telefòn.

Nan Kwadèboukè, li te fè 1:30 nan aprè midi madi 27 jiyè 2021 pase a, yon latriye jèn fanm ak jèn gason mobilize pandan yo te nan moman poz egzamen an, byen abiye, bèl kòkèt, se tankou se nan seremoni gradyasyon yo te ye.

Nou sou wout Estenyo Vensan(Stenio-Vincent ) anfas lekòl Saint Siméon kote plizyè kandida t ap degaje emosyon yo aprè yo te fin sibi egzamen syans sosyal la. 

- Pou lendi 26 jiyè a, tou de (2)  egzamen yo te parèt alapòte kandida yo selon sa Youn nan yo deklare nan mikwo enpasyal Enfo.

Eprèv sila yo ki te dire 3 zè, anpil nan yo fè konnen sa pa t twò difisil paske egazamen an te parèt selon atant yo. Sepandan plizyè nan kandida yo pa t vle pale pou divès kalte rezon sitou pwoblèm ensekirite k ap ravaje peyi a. Kidonk, moun vin pridan ak moun.

Mesye Dam sa yo pa t sispann fè lwanj pou kalite siveyans lan, ki dapre yo pa t fè estrese malgre kontwòl la te serye. 

 - Atant nou trè pozitif pou rès jou ki rete yo. Pou n site deklarasyon sèten kandida.

Daprè Manno, yon elèv filo:“Se yon gwo okazyon rate pou sila yo,  malerezman ki pa t chwazi vin patisipe nan egzamen pou ane sa, paske l te vrèman fasil. Epi m swete se dènye fwa m vini nan koze sa, paske sa fè lontan m ap soufri mwen fè twòp lanavèt ladan l.”

Jouk koulye a,  èske n ka espere yon gwo pousantaj reyisit pou elèv yo nan dis (10) depatman peyi a? Si wi, ki kote yo prale aprè, pandan n konnen rantre nan inivèsite rete yon gwo defi, pou anpil nan sa yo ki te deja franchi etap sa?

Otè: Claudalson Kebster PIERRE
Cp: Gazette Haïti
Share on Google Plus

About Nègremarron

This is a short description in the author block about the author. You edit it by entering text in the "Biographical Info" field in the user admin panel.

0 commentaires:

Publier un commentaire